TSK

TSK · Genesis 49:7

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Dezyèm pòsyon an te vin pou moun Simeyon yo, pou yo separe bay chak fanmi pa yo. Pòsyon tè yo a te nan mitan pòsyon tè yo te bay moun branch fanmi Jida yo.

¶ Chèf fanmi Levi yo vin jwenn Eleaza, prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan, ak chèf tout lòt branch fanmi pèp Izrayèl la.

Se konsa moun pèp Izrayèl yo te tire osò pou Seyè a te ka fè yo konnen ki lavil ak tout savann pou yo bay moun Levi yo, jan Seyè a te bay Moyiz lòd pou yo fè a.

Absalon vin rayi Amnon pou kadejak li te fè sou Tama, sè li a. Li koupe l' bonjou.

Y' al chache patiraj pou mouton yo toupre lavil Gedò, sou bò solèy leve nan fon kote lavil la ye a.

¶ Ipokrit ki rayi moun toujou ap bay bèl pawòl. Men, nan kè l', se twonpe l'ap twonpe moun.

¶ Moun ki ankòlè fasil toujou ap fè bagay yo pa dwe fè. Moun ki gen san wo toujou nan goumen.