Apre sa, li vin ansent ankò, li fè yon lòt pitit gason. Li di: -Fwa sa a, m'ap fè lwanj Seyè a. Se konsa li rele l' Jida. Apre sa, Leya sispann fè pitit.
TSK
TSK · Genesis 49:8
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Se Jozèf ki t'ap gouvènen sou tout peyi Lejip la. Se nan men l' moun te konn soti toupatou vin achte manje. Frè Jozèf yo rive, yo bese tèt yo byen ba jouk atè pou di l' bonjou.
Men non pitit gason Jida yo: Er, Onan, Chela, Perèz ak Zerak. Men Er ak Onan te mouri nan peyi Kanaran. Perèz te gen de pitit gason: Ezwon ak Amoul.
Premye moun ki pati se moun k'ap mache dèyè làbanyè fanmi Jida a, chak divizyon apa. Alatèt divizyon branch fanmi Jida yo, se te Nakchon, pitit gason Aminadab la.
Men sa li di pou branch fanmi Jida a: Seyè, koute vwa moun fanmi Jida yo! Fè yo mete tèt yo ansanm ankò ak rès pèp la. Goumen pou yo, Seyè! Se pou ou ede yo lè y'ap batay ak lènmi l' yo.
¶ Men tout tè ki te vini pou branch fanmi Jida a. Yo separe l' bay yon pòsyon pou chak fanmi.
Seyè a reponn yo: -Se branch fanmi Jida a ki pou premye ale. Se mwen menm k'ap lage tout peyi a nan men yo.
Se konsa tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon. Yo pase yon kontra avè l' devan Seyè a. Yo fè seremoni, yo mete l' wa sou pèp Izrayèl la tou.
Joab renmèt wa a rapò ki bay kantite moun antou ki te gen nan tout peyi a. Se konsa yo te jwenn witsanmil gason ki ka fè lagè epi ki konn sèvi ak nepe nan peyi Izrayèl la ak senksanmil nan peyi Jida a.
Lèfini, se branch fanmi Jida a ki te vin pi fò. Se li menm ki bay yon chèf pou gouvènen tout branch fanmi yo. Men tout jan, se Jozèf yo te bay dwa premye pitit la.
Lèfini, nan chak lavil, li fè bay gwo plak pwotèj ak frenn an kantite. Lavil sa yo te byen pwoteje. Se konsa Woboram te kenbe moun branch fanmi Jida ak branch fanmi Benjamen yo anba otorite l'.
Anpil moun soti toupatou nan peyi Efrayim, nan peyi Manase ak nan peyi Simeyon, yo vin jwenn Asa. Yo t'ap viv nan peyi a sou zòd li, paske yo te wè Seyè a te kanpe la avè l'. Asa reyini yo tout ansanm ak tout moun Jida yo ak moun Benjamen yo.
Men kantite ki te genyen dapre branch fanmi yo: Te gen Adna, kòmandan tout chèf batayon branch fanmi Jida a ak twasanmil sòlda sou zòd li.
Ou fè lènmi m' yo kouri devan m'. Mwen disparèt tout moun ki rayi m' yo.
Li chwazi branch fanmi Jida a pito, ansanm ak mòn Siyon li renmen anpil lan.
Vizyon nou t'ap fè yo pa bon vizyon. Sa yo te di ki gen pou rive a p'ap rive. Nou menm mechan, nou menm malveyan, jou pa nou an, jou pou yo ban nou dènye chatiman nou an ap vini. Nepe a pral tonbe sou nou.
Sa se bagay tout moun konnen, Jezi te fèt nan branch fanmi Jida. Moyiz pa t' janm bay non sa a lè li t'ap pale sou prèt yo.
Lè sa a, yonn nan granmoun yo di mwen konsa: Pa kriye. Gade. Men lyon ki soti nan fanmi Jida a, pitit pitit David la, ki te genyen batay la. Li ka kase sèt sele yo pou louvri liv la.