Lè Jedeyon rive toupre kan an ansanm ak san moun ki te avè l' yo, li te prèt pou menwit. Yo te fenk chanje faksyonnè. Yo pran kònen twonpèt yo epi yo kraze krich yo te gen nan men yo.
TSK
TSK · Hebrews 11:34
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Se konsa, li atake yo avèk raj, li touye anpil ladan yo. Apre sa, l' ale rete nan yon twou wòch bò lavil Etam.
Dalila fè dòmi pran Samson sou jenou l', li fè rele yon nonm ki koupe sèt très cheve Samson yo ra. Epi li seye fè fòs ak li. Men Samson te pèdi tout fòs li.
David kouri al bò kote sòlda Filisti a, li moute sou li, li rale nepe sòlda Filisti a soti nan djenn li, li touye l', lèfini li koupe tèt li. Lè moun Filisti yo wè bowòm yo a te mouri, yo kouri met deyò.
¶ Apre sa, David atake moun Filisti yo ankò. Li bat yo byen bat. Se konsa li kraze pouvwa yo te gen nan peyi a, li pran peyi a nan men yo.
Yon potorik gason bèl wotè yo te rele Ichbibenòb, moun laras Arafa yo, fè lide pou l' touye David. Li te gen yon frenn an kwiv ki te peze sèt liv edmi konsa ak yon nepe tou nèf mare nan ren li.
Elize reponn li: --Ou pa bezwen pè! Nou gen plis moun avèk nou pase yo.
Ezayi mande pou fè yon kataplas ak fig frans mete sou malenng wa a. Yo fè sa vre. Epi wa a geri.
¶ Wa Asa te gen trannsenkan depi li t'ap gouvènen, lè Bacha, wa peyi Izrayèl la, anvayi peyi Jida. Li pran lavil Rama, li plen l' sòlda pa l' pou anpeche moun Asa yo pase antre soti nan peyi Jida.
Lè sa a, wa Ezekyas ak pwofèt Ezayi, pitit Amòz la, pran lapriyè, yo t'ap mande Bondye sekou.
¶ Apre Jòb te fin lapriyè pou twa zanmi l' yo, Seyè a mete l' kanpe ankò. Tout zafè l' vin mache byen ankò. Lèfini, Seyè a ba li de fwa lavalè tou sa li te genyen anvan an.
Ou kite nenpòt moun ap pase nou lòd. Nou pase nan dife, nou pase nan gwo dlo. Men, ou wete nou nan tout move pa, ou delivre nou.
Lè n'ap pase sou lanmè, m'ap kanpe la avèk nou. Lè n'ap janbe gwo dlo, dlo a p'ap bwote nou ale. Lè n'ap mache nan mitan dife, dife p'ap boule nou. Flanm dife a p'ap fè nou anyen.
¶ Lè wa Nèbikadneza tande pawòl sa yo, li fè yon sèl kolè, li move sou Chadrak, Mechak ak Abèdnego. Li bay lòd pou yo chofe fou a sèt fwa plis pase jan yo te konn fè l' la.
¶ Frè m' yo, nou pa bezwen sezi devan gwo eprèv sa yo k'ap tonbe sou nou tankou yon gwo dife. Nou pa bezwen konprann sa se yon bagay estwòdenè k'ap rive nou la a.