TSK

TSK · Hebrews 12:7

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Pouki nou pa respekte bèt yo touye pou mwen ak ofrann mwen te bay lòd pou pèp la fè nan Tanp mwen an? Poukisa, ou menm Eli, ou gen pitit ou yo plis krentif pase m', kifè ou kite yo ap gra ak pi bon pòsyon nan tout ofrann moun pèp Izrayèl yo ap fè pou mwen?

Mwen te di l' mwen tapral pini fanmi l' lan yon sèl kou pou m' fini ak yo poutèt pitit gason l' yo. Li konnen yo t'ap fè sa ki mal, yo t'ap pale Bondye mal, epi li pa di yo anyen.

Men, depi li piti, papa a te gate l', li toujou kite l' fè sa li vle. Adonija te fèt apre Absalon. Li te yon bèl gason tou.

Job 34:31 TSK

¶ Men, si yon mechan pale ak Bondye, si li di l': -Wi, mwen te fè sa ki mal. Mwen p'ap fè sa ankò.

¶ Korije pitit ou yo lè yo piti toujou. Men, pa bat yo jouk ou touye yo.

Ou pa bezwen pè bat yon timoun. Yon bèl kal, sa p'ap touye l'.

¶ Korije pitit gason ou lan, li p'ap ba ou tèt chaje. L'a fè kè ou kontan.