Frè m' yo, nou fèt pou nou konn sa byen: Bondye voye Jezi fè nou konnen l'ap padonnen tout peche nou yo: tout moun ki mete konfyans yo nan Jezi, y'ap delivre anba tout peche lalwa Moyiz pa t' ka wete pou yo.
TSK
TSK · Hebrews 7:18
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Bagay lalwa Moyiz la pa t' kapab fè, paske kò lèzòm te rann li san fòs, se Bondye menm ki fè l': Bondye kondannen peche ki nan kò lèzòm lan, lè l' voye pwòp Pitit pa l' nan yon kò ki menm kò ak kò peche a, pou l' te ka fini nèt ak peche a.
Men sa mwen vle di: Bondye te fè testaman sa a, epi li te pwomèt li t'ap kenbe li. Lalwa a menm te vini katsantrant an apre sa. Se sak fè, lalwa a pa kapab kase testaman sa a, ni li pa kapab fè pwomès la tonbe.
¶ Manyè di m', nou menm ki vle rete anba lalwa a: gen lè nou pa konprann sa lalwa a di?
¶ Se sou baz travay prèt ras Levi yo Bondye te bay pèp Izrayèl la lalwa Moyiz la. Si travay prèt ras Levi yo te yon travay ki te bon nèt, pa ta gen nesesite menm pou yon lòt prèt ki menm jan ak Mèlkisedèk men ki pa menm jan ak Arawon ta vini.
Si premye kontra a pa t' gen defo, pa ta gen nesesite pou yo ta fè yon lòt kontra pou pran plas li.
¶ Lalwa Moyiz la pa t' menm yon bon pòtre bagay ki la tout bon yo. Se yon senp lonbraj benediksyon ki gen pou vini yo li ye. Moun ki pwoche bò kote Bondye avèk menm kalite ofrann bèt y'ap plede ofri chak lanne san rete a, moun sa yo, lalwa pa ka fè yo vin bon nèt.