TSK

TSK · Hebrews 8:6

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Yo se pitit pitit Izrayèl; Bondye te chwazi yo pou pwòp pitit li. Se nan mitan yo Bondye te fè tout bèl mèvèy li yo. Se ak yo li te pase kontra li yo. Li te ba yo lalwa. Li te moutre yo jan pou yo sèvi l'; se yo ki te resevwa pwomès li yo.

Enben, Bondye te fè pwomès sa yo pou Abraram ak pitit pitit li a. Yo pa t' ekri: ak pitit pitit li yo, tankou si yo te vle pale sou anpil moun, men yo ekri: ak pitit pitit ou a. Yo t'ap pale sou yon sèl moun, moun sa a se te Kris la.

Konsa, avèk Jezi sa ban nou yon garanti, nou gen yon lòt kontra ak Bondye ki pi bon lontan pase premye a.

¶ Se poutèt sa, Kris la se yon avoka ki tabli yon nouvo kontra ant Bondye ak lèzòm. Konsa, moun Bondye rele yo, yo ka resevwa eritaj ki la pou tout tan an, jan Bondye te pwomèt la. Tou sa, paske Kris la mouri. Avèk mouri li mouri a, li delivre tout moun anba chenn peche yo te fè sou premye kontra a.

Se konsa, Bondye ban nou pwomès li yo ki gwo anpil, ki gen anpil valè, pou nou kapab patisipe nan sa Bondye ye a, pou nou kapab chape anba koripsyon ki nan lemonn, akòz move lanvi ki nan kè moun.