Yo menm tou, yo bati kay pou fè sèvis pou zidòl, yo fè gwo moniman wòch ak estati pou Astate sou tèt mòn anba gwo pyebwa.
TSK
TSK · Hosea 10:1
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Kisa pou m' te fè pou jaden rezen an mwen pa t' fè? Mwen t'ap tann li ban m' bon jan rezen. Poukisa se bann vye rezen si sa yo li donnen?
Men, nou menm moun Jida yo, kote bondye nou te fè pou nou yo? Lè nou nan traka, se yo ki pou leve vin delivre nou, si yo kapab! Moun Jida, nou gen yon bondye nan chak lavil nou yo!
Se mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a ki te plante pèp Izrayèl la ansanm ak pèp Jida a. Men koulye a, mwen pran desizyon pou m' voye malè sou yo. Se yo menm ki chache l' avèk tou sa yo fè ki mal: Se yo ki fè m' fache paske y' al boule ofrann pou Baal!
Pèp Izrayèl la pa t' rekonèt se mwen menm ki te ba li farin, diven ak lwil. Ata lò ak ajan, se mwen ki te ba li yo an kantite. Men, li pran yo pou fè sèvis Baal.
Yo rete yo chwazi wa mete alatèt yo, san mande m' si mwen dakò. Yo mete moun chèf san m' pa janm konnen. Yo pran lò ak ajan yo genyen, yo fè zidòl. Se sa k'ap fini ak yo a.
Y'ap plede di: Nou fin rich. Nou fè yon bèl kòb. Men, nou travay di tou. Pesonn pa ka di nou te fè ankenn bagay mal pou n' gen tout lajan sa a!
Jouk koulye a, y'ap fè peche toujou. Y'ap pran kwiv, y'ap fonn li pou fè estati zidòl. Y'ap fè bèl zidòl an ajan jan yo konnen. Tou sa se travay atizan fè ak men yo. Apre sa yo di: Ann ofri bèt pou touye ba yo! Koulye a nou wè se moun k'ap bo estati bèf!
Paske, Seyè a pral bay pèp Izrayèl la pouvwa li te gen anvan an, pouvwa fanmi Jakòb la te gen anvan piyajè yo te ravaje l' la, anvan yo te koupe tout branch rezen li yo.
¶ Mwen se pye rezen tout bon an. Papa m' se moun k'ap okipe pye rezen an.
¶ Se poutèt sa, depi koulye a, mwen pa konsidere pesonn sou laparans, tankou lèzòm fè l' la. Si yon lè mwen te konsidere Kris la sou laparans tankou lèzòm fè l' la, koulye a mwen pa konnen l' nan jan sa a ankò.