Se pa pou bèt ou touye pou mwen yo m'ap fè ou repwòch, ni pou bèt ou boule pou mwen yo.
TSK
TSK · Isaiah 1:11
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Seyè a pa ka sipòte lè mechan yo ap ofri bèt pou touye pou li. Men, sa fè l' plezi anpil lè moun k'ap mache dwat yo ap lapriyè nan pye l'.
Pèp la fè sa yo pito. Yo touye bèf pou mwen jòdi, denmen yo touye moun pou zidòl yo. Yo ofri ti mouton pou yo touye pou mwen jòdi, denmen yo kase kou chen pou zidòl. Yo fè ofrann grenn jaden yo jòdi pou mwen, denmen yo fè ofrann san kochon pou zidòl. Yo boule lansan sou lotèl mwen an pou m' pa janm bliye moun ki fè ofrann lan jòdi, denmen y'ap fè sèvis pou di Satan mèsi. Yo pran plezi nan fè zafè pa yo jan yo vle. Yo kontan fè vye bagay lèd y'ap fè yo.
¶ Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di ankò: -Pran tout vyann nou te konn ofri pou boule nan dife, mete yo sou vyann bèt nou touye yo. Lèfini, manje tout.
Ale non! Ofri pen nou bay Bondye pou di l' mèsi! Mache di toupatou jan nou fè ofrann ak tout kè nou bay Bondye! Apa konsa nou renmen fè, pèp Izrayèl! Se Seyè a menm ki di sa.
Eske Seyè a ap kontan si m' pote ba li mil belye mouton ak di mil barik lwil? Eske m'a ofri premye pitit gason m' lan pou m' peye pou sa m' fè ki mal? Eske mwen ka pran sa ki soti nan zantray mwen pou m' bay pou kouvri peche mwen?
Ale non, chache konprann sans pawòl sa yo ki nan Liv la: Mwen vle pou nou gen kè sansib. Mwen pa bezwen bèt n'ap ofri pou touye pou mwen yo. Paske, mwen pa vin rele moun k'ap mache dwat devan Bondye, men moun k'ap fè sa ki mal yo.