TSK

TSK · Isaiah 19:20

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Lontan apre sa, wa Lejip la mouri. Pèp Izrayèl la t'ap plenn pi rèd anba esklavaj. Yo t'ap rele gras mizèrikòd. Bondye te tande jan yo t'ap rele, jan yo t'ap plenn anba esklavaj la.

¶ Se la Jozye pran douz wòch yo te pran nan mitan larivyè Jouden an, li mete yo kanpe fè yon wonn.

Moun branch fanmi Woubenn yo ak moun branch fanmi Gad yo rele lotèl la Temwen, paske yo t'ap di: L'a sèvi temwen devan nou tout se Seyè a ki Bondye.

Lè sa a, Joakaz lapriyè nan pye Seyè a. Seyè a reponn li paske li te wè jan wa peyi Siri a t'ap toupizi moun peyi Izrayèl yo.

Mwen pral lage moun Lejip yo nan men yon chèf ki rèd anpil, nan men yon wa mechan ki pral gouvènen yo. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa!

Zanj Seyè a al nan kan moun Lasiri yo, li touye sankatrevensenk mil sòlda. Nan maten, lè moun leve, se kadav yo ase yo jwenn. Yo tout te mouri.

Men sa Seyè a reponn: Wi! Yo ka wete nan men yon vanyan sòlda sa li pran nan lagè. Yo ka lage prizonye ki anba men yon gwo chèf. M'ap goumen pou nou ak tout moun k'ap fè nou lagè. M'a delivre pitit nou yo.

Pye pichpen va pouse kote ki te plen pikan. Pye ilan-ilan va pouse kote ki te plen chadwon. Sa va sèvi yon lwanj pou Seyè a, yon remak k'ap la pou tout tan, yon siy pesonn p'ap ka detwi.

Se konsa li moutre nou pou nou viv pandan n'ap tann benediksyon li te pwomèt nou yo, lè bèl pouvwa Jezikri, Bondye nou ak Delivrans nou, va parèt.