Sa ki chape yo kouri ale lavil Afèk. Lè yo rive la, miray lavil la tonbe sou yo, li touye vennsètmil sòlda ki te rete yo. Bennadad tou te chape kò l' nan lagè a. Li antre nan yon kay, l' al kache nan yon pyès jouk nan fon.
TSK
TSK · Isaiah 30:13
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Kilè n'a sispann tonbe ansanm sou do yon moun pou n' chache lage l' atè tankou yon miray ki tou panche, tankou yon lantouraj k'ap tonbe?
Kisa ou konprann? Anvan ou bat je ou yo fini, yo disparèt sitèlman yo pè.
Men, tout lènmi ou yo pral gaye tankou pousyè nan van. Tout kantite moun ki t'ap fè ou pase tray yo pral disparèt tankou pay van ap bwote. W'ap rete konsa,
M'ap lage miray nou te blanchi ak lacho a atè, m'ap kraze l' ratè, wòch fondasyon yo pral parèt deyò. Miray la ap tonbe sou nou, l'ap kraze nou. Lè sa a, nou tout va konnen se mwen menm ki Seyè a.
Men, moun ki tande pawòl mwen, ki pa fè sa mwen di fè, li tankou yon nonm ki bati yon kay ratè, san fondasyon. Lavalas frape kay la, yon sèl kou kay la tonbe, li kraze nèt.