TSK

TSK · Isaiah 32:14

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Li met dife nan kay Bondye a ak nan palè wa a. Li boule dènye kay ki te lavil Jerizalèm, ata kay grannèg yo.

moute sou bò solèy leve, rive anfas Pòtay Dlo yo, bò fò ki pwoteje Tanp lan. (Tout moun k'ap travay nan tanp lan te rete nan zòn Ofèl la.)

Moun pral plenn nan pòtay lavil yo, y'ap nan lapenn. Lavil la ap tankou yon fanm ki chita atè, san rad sou li.

Lè sa a, mwen di: -Seyè! Kilè sa va sispann? Li reponn mwen: -Lè y'a fin kraze lavil yo. Lè p'ap gen moun ankò ki rete ladan yo. Lè tout kay yo va vid, lè jaden yo va tounen savann.

¶ Seyè a pral souke tè a, li pral ravaje l'. Li pral boulvèse l'. Tout moun ki rete sou tè a pral kouri gaye toupatou.

Lavil la ap fini, ata pòtay yo fin kraze.

Lavil ki te gen gwo ranpa ap fin kraze. Pa gen moun ki rete la ankò. Lavil la tounen yon savann. Se la jenn bèf vin rete, se la yo manje, se la yo kouche. Y'ap manje dènye ti pous raje.

Pikan pral pouse nan tout palè l' yo, kwòkachen ak chadwon pral pouse nan tout fò yo. Se la chen mawon pral rete. Se la otrich pral fè nich yo.

¶ Lè n'a wè yon bann lame ap sènen lavil Jerizalèm toupatou, n'a konnen lè sa a yo prèt pou kraze l' nèt.

Li t'ap pale byen fò, li t'ap di konsa: Li tonbe! Gwo lavil Babilòn lan tonbe! Koulye a, se la denmon rete. Se la tout kalite move lespri al kache kò yo. Se la tout kalite vie zwazo ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye, zwazo moun fèt pou rayi, rete.