¶ Moun lòt peyi yo ap bat kò yo, chèf gouvènman yo pran lezam. Bondye fè tande vwa li, latè pran tranble.
TSK
TSK · Isaiah 33:3
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Psalms 46:6
TSK
Isaiah 10:13
TSK
Paske l'ap mache di: Se ak fòs ponyèt mwen mwen fè tou sa! Mwen gen bon konprann, mwen gen anpil lespri. Mwen wete bòn ki te make fwontyè pèp yo. Mwen devalize tou sa yo te sere. Tankou gwo towo bèf, mwen kraze tout moun ki t'ap viv la yo anba pye m'.
Isaiah 17:12
TSK
¶ Ki malè sa a? Yon foul moun k'ap toumante kò yo tankou lè lanmè a move. Y'ap bat kò yo fè gwo bri tankou lanm lanmè k'ap frape ak fòs sou rivaj la.
Isaiah 37:11
TSK
Ou te pran nouvèl sa wa Lasiri yo te fè tout lòt peyi yo. Yo te soti pou detwi yo nèt. Atò, se ou menm ki pou ta chape anba men m'!
Isaiah 59:16
TSK
¶ Li sezi wè pesonn pa leve kanpe pou defann inonsan yo. Se konsa, li vin delivre pèp la ak pwòp fòs kouraj li. Li ba l' men, li pran defans li.