Se ou menm, Seyè, ki te kreye latè nan tan lontan. Se avèk men ou ou te fè syèl la.
TSK
TSK · Isaiah 34:4
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Se poutèt sa, jou mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, m'a fè move san an, jou m'a fè gwo kòlè mwen an, m'ap fè syèl la tranble, m'ap fè tè a kite plas kote li ye a.
Mwen gade tè a: Pa yon pyebwa! Anyen menm! Mwen gade syèl la: Pa yon ti limyè!
M'apral fè mèvèy parèt nan syèl la ak sou latè a. Va gen san, dife ak gwo nwaj lafimen.
Kou jou lafliksyon sa yo fin pase, solèy la p'ap klere ankò, lalin lan p'ap bay limyè l' ankò, zetwal yo va soti tonbe nan syèl la. Pouvwa yo ki nan syèl la va pran tranble.
¶ Men nan tan sa a, apre jou lafliksyon sa yo, solèy la p'ap klere ankò, lalen lan p'ap bay limyè.
Dapre menm pawòl Bondye a, syèl la ak tè a ki la koulye a ap tann dife a. Yo la ap tann jou jijman an, lè tout mechan yo va disparèt.
Apre sa, katriyèm zanj lan kònen klewon l' lan. Yon tiè nan solèy la, yon tiè nan lalin lan, ak yon tiè nan zetwal yo domaje. Konsa, yo tout yo pèdi yon tiè nan limiè yo konn bay la. Pandan yon tiè lajounen an te fè nwa kou lank. Konsa tou, pandan yon tiè lannwit lan te fè tou nwa.