Zanj Bondye ki t'ap mache devan moun pèp Izrayèl yo chanje plas, li pase dèyè. Nwaj ki te devan yo a chanje plas tou, li pase dèyè yo.
TSK
TSK · Isaiah 4:5
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ N'a fè tant kote pou Bondye rete a ak dis lèz twal fen blan tise byen sere, ansanm ak lenn koulè ble, violèt ak wouj. W'a fè yo bwode bèl pòtre zanj cheriben byen fèt sou tout twal la.
¶ Nwaj la kouvri Tant Randevou a, epi limyè prezans Seyè a plen tant lan.
¶ Jou yo t'ap moute Tant Randevou a, yon nwaj vini epi li kouvri tant kote Bwat Kontra a ye a. Lè aswè rive, ou ta di yon gwo dife ki te parèt anwo tant lan jouk nan maten.
Lajounen se avèk yon gwo nwaj ou moutre yo chemen pou yo pran. Lannwit, avèk yon flanm dife, ou klere chemen kote pou yo pase.
Wi, li pare pou l' delivre moun ki gen krentif pou li, pou l' fè yo santi pouvwa li, pou l' toujou la avèk yo.
Tout moun k'ap sèvi ou yo respekte ou. Tout moun ki bò kote ou yo pè ou.
Men sa Seyè a di m' ankò: -Menm jan yon gwo lyon osinon yon ti lyon ap gwonde lè li fin pran yon bèt, tout gadò yo te mèt mete ansanm pou goumen ak li, yo te mèt rele, sa p'ap fè l' pè, yo te mèt anpil, sa p'ap kraponnen l', konsa tou, Seyè ki gen tout pouvwa a pral desann pou l' pran defans mòn Siyon an ak ti mòn ki pou li a.
Voye je ou gade lavil Siyon, kote nou fè gwo fèt nou yo! Gade lavil Jerizalèm! Yon bon kote pou moun rete san kè sote. L'ap tankou yon tant yo p'ap janm demoute, pikèt li yo p'ap janm rache, kòd li yo p'ap janm kase.
M'ap fè jou delivrans nou an pwoche. Li pa lwen rive. Mwen p'ap mize vin delivre nou. Mwen pral delivre mòn Siyon. Mwen pral fè pèp Izrayèl la wè pouvwa mwen.
Seyè a pale, li fè konnen se li menm k'ap tankou yon gwo miray dife k'ap fè wonn lavil la pou pwoteje l'. Li di: M'ap rete nan mitan lavil la ak tout pouvwa mwen.
Paske, chak fwa de ou twa moun mete tèt yo ansanm nan non mwen, m'ap la nan mitan yo.