TSK

TSK · Isaiah 40:30

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

David menm kontinye sou wout li avèk katsan moun. Lòt desan yo te rete paske yo te bouke anpil, yo pa t' gen fòs pou yo te travèse dlo Bezò a.

Moun rich konn manke manje, yo konn rete grangou. Men, moun k'ap chache fè volonte Seyè a p'ap manke anyen.

¶ Yon lòt bagay mwen wè ankò sou latè, se pa toujou moun ki konn kouri ki genyen nan kous, se pa toujou vanyan gason ki genyen nan lagè. Yon moun ki gen konprann pa toujou gen manje pou l' manje, yon moun ki gen lespri pa toujou gen anpil byen. Moun ki gen kapasite pa toujou jwenn gwo pozisyon. Chans ak malchans la pou tout moun.

Avèk banza yo, yo pral touye jenn gason. Y'ap san pitye pou timoun fenk fèt. Kè yo p'ap fè yo mal pou timoun piti.

Lanmò ap pase nan fennèt yo. L'ap antre nan gwo bèl kay nou yo. Li pase men l' pran timoun nan lari, ak jenn gason sou plas mache yo.

Amos 2:14 TSK

Nou te mèt konn kouri, nou p'ap chape. Gwonèg kou nou gwonèg, sa p'ap sèvi nou anyen. Vanyan kou nou vanyan, nou p'ap ka sove pwòp tèt nou.