TSK

TSK · Isaiah 41:11

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Nan mitan lannwit, Seyè a touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo, depi premye pitit gason farawon an ki chita sou fotèy la, jouk premye pitit gason prizonye ki te nan kacho. Tout premye pitit bèt yo tou te mouri.

Wi, tout bann moun lòt nasyon yo ki t'ap fè lagè ak lavil Jerizalèm sou mòn Siyon an, y'ap tankou yon moun k'ap mouri grangou epi ki reve l'ap manje. Men, lè li leve, li grangou pi rèd. Osinon, tankou yon moun k'ap mouri swaf dlo, li reve l'ap bwè dlo. Men, lè li leve, li tou fèb, li swaf dlo pi rèd.

Men, gade! Se pa anyen nou ye! Tou sa n'ap fè yo pa vo anyen menm! Se yon avilisman pou moun ki pran nou pou bondye yo!

Y'a di: Se nan Seyè a sèl nou jwenn jistis ak fòs kouraj! Tout moun ki t'ap kenbe tèt avè l' yo pral wont, y'ap vin nan pye l'.

Moun k'ap fè nou pase tray yo, m'ap fè yo yonn manje lòt. Y'ap bwè pwòp san yo jouk y'a sou tankou moun ki bwè diven. Lè sa a, tout moun va konnen se mwen menm, Seyè a, k'ap sove nou. Se mwen menm, Bondye fanmi Jakòb la, Bondye ki gen pouvwa a, k'ap delivre nou.

Men, tout zam y'a fè pou sèvi kont ou yo p'ap fè ou anyen. W'a gen repons nan bouch ou pou tout moun ki va akize ou nan tribinal. Se sa m'ap fè pou tout sèvitè m' yo. Se mwen k'ap defann kòz yo. Se Seyè a menm ki di sa!

Men, si yon nasyon pa koute m', m'ap rache l', m'ap derasinen l', m'ap detwi li nèt. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

Lè sa a, m'ap fè lavil Jerizalèm tounen yon gwo wòch lou kou pwa senkant. Tout nasyon ki va chache leve l' va foule anba l'. Tout moun sou latè pral mete ansanm pou yo atake l'.

Yo vin eskize yo bò kote apòt yo, yo lage yo. Lèfini yo mande yo pou kite lavil la.