TSK

TSK · Isaiah 41:9

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Jozye di pèp la konsa: -Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Lontan lontan, zansèt nou yo, Terak ak de pitit gason l' yo, Abraram ak Nakò, t'ap viv nan yon peyi lòt bò larivyè Lefrat, kote yo t'ap sèvi lòt bondye.

Seyè, se ou menm Bondye ki te chwazi Abram, ki te fè l' kite lavil Our nan peyi Kalde. Ou chanje non l', ou rele l' Abraram.

Wi, moun Seyè a delivre, se sa pou yo di! Li te delivre yo anba men lènmi yo,

Men, nou menm pèp Izrayèl, sèvitè m' yo! nou se pitit pitit Jakòb, moun mwen te chwazi a! Nou se moun ras Abraram, zanmi mwen an!

Men sa mwen menm Seyè a, mwen di: Mwen fè yon kontra ak lajounen, mwen fè yon kontra ak lannwit. Mwen bay regleman jan pou tout bagay nan syèl la ak sou latè a mache.

¶ Koulye a, m'ap mande: Eske Bondye te voye pèp li a jete? Men non. Paske mwen menm, mwen se yon moun pèp Izrayèl, yon pitit pitit Abraram. Mwen soti nan branch fanmi Benjamen.

James 2:5 TSK

Frè mwen renmen anpil yo, tande sa byen: Bondye chwazi moun ki pòv sou latè pou yo ka rich nan konfyans nan Bondye, pou yo ka jwenn pòsyon pa yo nan peyi li te pwomèt moun ki renmen l' yo.