¶ Bondye di ankò. Ann fè moun. N'ap fè l' pòtre ak nou, pou li sanble ak nou. La gen pouvwa sou pwason ki nan lanmè yo, sou zwazo ki nan syèl la, sou tout bèt yo gade, sou tout latè, sou tout bèt nan bwa, sou tout bèt ki trennen sou vant sou tè a.
TSK
TSK · Isaiah 45:12
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Seyè, se ou menm ki sèl mèt. Pa gen lòt. Se ou ki fè syèl la, sa ki anwo syèl la ansanm ak tout sa ki ladan l'. Se ou ki fè tè a ak tou sa ki sou li, lanmè a ak tou sa ki ladan l'. Se ou ki bay tout bagay sa yo lavi. Tout pouvwa nan syèl la bese tèt devan ou pou adore ou.
¶ Kilès ki ka mezire valè dlo ki nan lanmè a ak men l'? Kilès ki ka pran lajè syèl la ak dwèt li? Kilès ki ka mete tout tè a nan yon ti mezi? Kilès ki ka pran pèz mòn yo ak pèz ti bit yo nan balans?
Leve tèt nou gade syèl la. Ki moun ki kreye tout zetwal sa yo? Tankou nan yon lame, li bay yo chak plas yo. Li bay yo tout non, li konn non yo chak. Yonn pa janm manke nan syèl la! Li gen gwo pouvwa, li gen anpil fòs.
¶ Bondye sèl Mèt ki kreye syèl la epi ki louvri l' anwo tèt nou, li menm ki fòme tè a avèk tou sa k'ap viv sou li, li menm ki bay tout moun k'ap mache sou latè souf lavi, li pale, li di konsa:
Se Seyè a ki kreye syèl la. Se li menm sèlman ki Bondye. Se li menm ki fè latè, ki ba li fòm li. Se li menm ki fè l' chita fèm. Li pa t' fè l' pou l' te tounen yon dezè, men pou l' te yon kote pou moun rete. Men sa li di: Se mwen menm ki Seyè a. Nanpwen lòt.
-Aa, Seyè, Bondye! Se avèk fòs kouraj ou, se avèk gwo pouvwa ou ou te fè syèl la ak latè a. Anyen pa twò difisil pou ou.
Se paske nou gen konfyans nan Bondye kifè nou ka konprann se Pawòl Bondye a ki kreye tout bagay. Li sèvi ak sa nou pa ka wè pou li te fè tou sa nou ka wè.