Elize di wa Izrayèl la konsa: --Ki rapò m' gen avè ou! Al wè pwofèt papa ou ak manman ou te konn al wè yo! Joram reponn: --Non! Se Seyè a ki voye chache nou pou l' lage nou twa wa sa yo nan men wa peyi Moab la.
TSK
TSK · Isaiah 57:13
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Men, se p'ap menm bagay pou mechan yo. Yo tankou pay van an ap gaye.
Moun ki mete konfyans yo nan Seyè a va pran peyi a pou yo. Men, y'ap disparèt mechan yo.
Moun Seyè a beni va pran peyi a pou yo. Men, moun ki anba madichon Bondye gen pou disparèt sou tè a.
¶ Mete konfyans ou nan Seyè a, fè tou sa l' mande ou fè. L'ap ba ou fòs pou ou ka pran peyi a pou ou. Ou gen pou wè mechan yo disparèt sou latè.
Bondye ki gen tout pouvwa, ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan ou!
¶ Moun ki anvi tout pou yo ap toujou nan kont. Men, moun ki mete konfyans yo nan Seyè a p'ap janm manke anyen.
Ou menm, Bondye, w'ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w'ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou!
Nou pral vannen yo, van ap bwote yo ale. Van tanpèt ap gaye yo toupatou. Men, nou pral fè fèt pou Seyè a. Nou pral kontan Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
m'ap mennen yo sou mòn ki apa pou mwen an, m'a ba yo kè kontan nan kay kote yo fè lapriyè pou mwen an. M'a asepte tout bèt y'a ofri pou boule sou lotèl mwen ak tout lòt ofrann y'a fè pou mwen. Y'a rele kay mwen an kay kote tout pèp va vin fè lapriyè nan pye m'.
Nan tout fanmi Jakòb la, m'ap fè moun branch fanmi Jida yo pran mòn mwen yo pou yo. Se la moun mwen chwazi yo ak moun k'ap sèvi m' yo va rete.
Chen mawon ak mouton pral manje ansanm. Lyon pral manje zèb menm jan ak bèf. Sèpan p'ap yon danje ankò pou pesonn. Sou tout mòn ki apa pou mwen an, p'ap gen mechanste, p'ap gen rayisab ankò. Se Seyè a menm ki di sa!
Men, nou menm moun Jida yo, kote bondye nou te fè pou nou yo? Lè nou nan traka, se yo ki pou leve vin delivre nou, si yo kapab! Moun Jida, nou gen yon bondye nan chak lavil nou yo!
¶ Nou menm moun lavil Jerizalèm, ale nan peyi Liban, rele byen fò! Ale nan peyi Bazan, rele! Rete sou mòn Moab yo, rele! Paske yo kraze tout asosye nou yo.
Paske men sa mwen menm, Seyè a, m'ap di nou: Se sou mòn ki apa pou mwen an, gwo mòn wo peyi Izrayèl la, tout moun pèp Izrayèl la ki va tabli nan peyi a pral fè sèvis pou mwen. Se la m'a kontan resevwa ofrann nou yo. Se la mwen vle nou pote pi bon ofrann nou yo, pi bon kado n'ap ban mwen yo.
Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Mwen rete sou mòn Siyon, mòn yo mete apa pou mwen an. Jerizalèm va yon lavil apa pou Bondye. Moun lòt nasyon yo p'ap ka pran l' pou yo ankò.