Se sou reny Peka, Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri, anvayi peyi a, li pran lavil Ijon, lavil Abèl bèt Maka, lavil Janoa, lavil Kadès, lavil Azò, tout teritwa Galarad, tout teritwa Galile ak tout zòn Neftali a. Li fè tout moun yo prizonye, li depòte yo nan peyi Lasiri.
TSK
TSK · Isaiah 7:16
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
2 Kings 15:29
TSK
2 Kings 16:9
TSK
Wa Lasiri a koute l' vre, li moute al atake lavil Damas, li pran l'. Li depòte tout moun ki te rete la, mennen yo lavil Ki, epi li fè touye Rezin.
Isaiah 9:11
TSK
Seyè a fè lènmi pèp Izrayèl la leve dèyè l'. L'ap fè chèf lame wa Rezen lan atake l'.
Hosea 5:9
TSK
Jou pou yo pini moun Efrayim yo rive. Y'ap fini nèt avèk yo. M'ap kanpe nan mitan tout branch fanmi Izrayèl yo, m'ap fè yo konnen sa ki gen pou rive vre.
Jonah 4:11
TSK
Epi ou pa ta vle m' pran lapenn pou lavil Niniv, gwo kapital sa a, kote ki gen depase sanven mil timoun inonsan, moun ki pa konnen ni sa ki byen ni sa ki mal, ansanm ak yon kantite bèt!