--Ale chache konnen sa Seyè a vle nou fè, mwen menm ansanm ak tout pèp Jida a, avèk tout pawòl ki nan liv nou jwenn lan! Seyè a move anpil sou nou, paske zansèt nou yo pa t' okipe sa yo di nan liv la, ni yo pa t' fè tou sa ki ekri ladan l'.
TSK
TSK · Jeremiah 21:1
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Lèfini, Neboucharadan, chèf lagad la, pran Seraja, granprèt la, Sefanya, adjwen granprèt la, ansanm ak twa lòt gwo chèf nan Tanp lan, li fè yo prizonye.
Lèfini, te gen Adaja, pitit gason Jeworam. Jeworam sa a te pitit Pachou ki te pitit Malkija. Te gen ankò Masayi, pitit Adyèl. Adyèl sa a te pitit Jazera, Jazera te pitit Mechoulam, Mechoulam te pitit Mechilemit, Mechilemit te pitit Ime.
Antou te gen wisanvennde moun nan fanmi sa a ki t'ap travay nan tanp lan. Te gen Adaja, pitit gason Jeworam. Jeworam sa a te pitit Pelaja, Pelaja te pitit Amsi, Amsi te pitit Zekarya, Zekarya te pitit Pachou, Pachou te pitit Malkija.
¶ Seyè a pale ak Jeremi yon lòt fwa ankò. Lè sa a Sedesyas te gen dizan depi li te wa peyi Jida, Nèbikadneza te gen dizwitan depi li te wa lavil Babilòn.
¶ Nèbikadneza, wa Babilòn, te mete Sedesyas, yonn nan pitit Jozyas yo, wa nan peyi Jida nan plas Jekonya, pitit Jojakim.
¶ Chefatya, pitit Matan, Gedalya, pitit Pachou, Jeoukal, pitit Chelemya, ak Pachou, pitit Malkya, te vin konnen Jeremi t'ap pale ak pèp la. Li t'ap di yo konsa:
¶ Lèfini, Neboucharadan, chèf lagad la, pran Seraya, granprèt la, Sefanya, adjwen li an ansanm ak twa lòt chèf ki la pou veye pòtay tanp lan, li fè yo prizonye.