¶ Abraram dakò ak sa Efwon di l' la. Li peze lajan an, li bay Efwon li devan tout moun Et yo. Wi, li ba li katsan pyès lò dapre jan kòmèsan yo te sèvi nan peyi a.
TSK
TSK · Jeremiah 32:9
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Genesis 23:16
TSK
1 Kings 20:39
TSK
Lè wa a vin ap pase, pwofèt la pran pale byen fò, li di konsa: -Monwa, mwen te nan mitan batay la, mwen t'ap goumen lè yon sòlda mennen yon lènmi li te fè prizonye. Li di m' konsa: Veye msye pou mwen. Si ou kite l' chape anba men ou, m'ap touye ou osinon w'ap peye twamil pyès an ajan pou li.
Isaiah 55:2
TSK
Poukisa n'ap depanse lajan achte manje ki pa ka fè anyen pou nou? Poukisa n'ap depanse lajan travay nou pou bagay ki pa ka plen vant nou? Si nou koute byen sa m'ap di nou la a, n'a manje sa ki bon. N'a pran plezi nou nan manje bon kalite manje.
Zechariah 11:12
TSK
Mwen di yo: -Si nou vle peye m', nou mèt peye m'. Si nou pa vle tou, sa pa fè anyen. Y'a l' pran lajan an, yo peye m' trant pyès an ajan pou sa m' te fè a.