Lèfini, Neboucharadan, chèf lagad la, pran Seraja, granprèt la, Sefanya, adjwen granprèt la, ansanm ak twa lòt gwo chèf nan Tanp lan, li fè yo prizonye.
TSK
TSK · Jeremiah 34:21
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Ou menm, ou p'ap chape. Y'ap arete ou, y'ap lage ou nan men l' tou. W'a kontre avè l' bab pou bab. W'a pale avè l'. Lèfini, w'ap pati pou Babilòn.
Li fè yo touye pitit gason Sedesyas yo la devan je msye. Li fè touye tout chèf peyi Jida yo tou.
¶ Lèfini, Neboucharadan, chèf lagad la, pran Seraya, granprèt la, Sefanya, adjwen li an ansanm ak twa lòt chèf ki la pou veye pòtay tanp lan, li fè yo prizonye.
-Pale ak bann moun tèt di sa yo. Mande yo si yo konprann sans parabòl la. Di yo konsa: Wa lavil Babilòn lan te vini lavil Jerizalèm, li pran wa a ansanm ak tout chèf li yo, li mennen yo ansanm avè l' lavil Babilòn.
M'ap voye privye m' sou ou, w'ap pran nan may yo, m'ap trennen ou lavil Babilòn. Se la m'ap pini ou pou kenbe ou pa te kenbe pawòl ou avè m'.