Li fè chache Ilkija, prèt la, Akikam, pitit Chafan an, Achbò, pitit Mikaja a, Chafan, sekretè palè a, ak Asaja, nèg konfyans wa a. Li ba yo lòd sa a:
TSK
TSK · Jeremiah 40:5
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Nèbikadneza, wa Babilòn lan, pran Gedalya, pitit Achikam, pitit pitit Chafan, li mete l' chèf sou rès moun li te kite nan peyi a.
Esdras te yon nonm save ki te fò anpil nan lalwa Seyè a, lalwa Bondye pèp Izrayèl la te bay Moyiz la. Li t'ap travay ak wa a. Wa a te bay Esdras tou sa li te mande l', paske Seyè a, Bondye li a, t'ap pwoteje l'. Se konsa li kite lavil Babilòn pou l' moute lavil Jerizalèm.
Aa! Seyè, panche zòrèy ou pou tande lapriyè mwen menm, sèvitè ou, m'ap fè nan pye ou, lapriyè tout sèvitè ou yo ki pran plezi nan gen krentif pou ou. Tanpri, Seyè, fè tout bagay mache byen pou mwen jòdi a. Fè wa a resevwa m' byen. Lè sa a, mwen te chèf kanbiz wa a.
Bondye kraze lògèy moun awogan. Men, li sove moun ki bese tèt devan li.
¶ Seyè a dirije lespri yon wa, menm jan li dirije yon kouran dlo nan kannal. Li mennen l' kote li vle.
Men, Akikam, pitit Chafan an, t'ap pwoteje Jeremi. Se konsa li pa t' kite yo lage Jeremi nan men pèp la pou yo te touye l'.
Atòkile, m'ap wete chenn ki nan ponyèt ou yo, m'ap lage ou. Si ou vle vini ak mwen lavil Babilòn, ou mèt vini, m'a pran swen ou. Men, si ou pa vle tou, ou pa blije vini. Tout peyi a devan ou, ou mèt ale kote ou vle.
¶ Premye lanne wa Evilmewodak pran pouvwa a lavil Babilòn, li fè pa Jojakim, wa peyi Jida a, li fè l' soti nan prizon. Lè sa a, Jojakim te gen trannsizan onz mwa, vennsenk jou, jou pou jou, depi yo te depòte l'.
Men, kòmandan women an ki te vle sove Pòl di yo non pa fè sa. Li bay lòd pou tout moun ki konn naje jete kò yo nan dlo anvan pou y' al atè.
Konsa, nou kapab di avèk konfyans: Se Bondye k'ap vin ede mwen. Mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè mwen?