Bondye ki gen tout pouvwa a plante flèch li yo sou mwen. Pwazon yo a anvayi tout kò m'. Bondye voye sou mwen tout kalite malè pou fè kè m' kase.
TSK
TSK · Job 16:9
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Poukisa w'ap kache pou mwen konsa? Poukisa ou fè tankou si se lènmi ou mwen ye?
Si ou ankòlè, se pwòp tèt ou ase w'ap fè mal. Atò, poutèt ou, se pou tout moun sou latè te mouri? Se pou Bondye te deplase mòn yo pou fè ou plezi?
Yo atake m', yo pase m' nan betiz. Y'ap gade m', y'ap griyen dan sou mwen.
Koute sa byen, nou menm ki bliye si gen Bondye. Si se pa sa, m'ap dechire nou. Lè sa a, p'ap gen moun ki ka delivre nou.
Tankou yon lous, li biske kò l', l'ap veye m'. Tankou yon lyon, li kache, l'ap tann mwen.
¶ Pèp la di: -Annou wè non! Ann tounen al jwenn Seyè a! Se li menm ki blese nou, se li menm ankò ki ka geri nou! Se li ki mete san nou deyò, se li ki ka mete renmèd sou malenng nou yo.
¶ Lè manm Gran Konsèy yo tande pawòl sa yo, yo fin pran chenn, yo manje dan yo sou Etyèn sitèlman yo te an kolè.