TSK

TSK · Job 36:3

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage
Job 8:3 TSK

Bondye pa nan lenjistis. Bondye ki gen tout pouvwa a ap toujou fè sa ki dwat.

Job 28:20 TSK

¶ Men, kote nou ka jwenn konesans lan? Kote bon konprann lan ye menm?

Job 32:8 TSK

Men, pou di vre, se lespri Bondye ki gen tout pouvwa a sèl ki pou antre nan tèt yon moun pou ba li bon konprann!

Job 34:10 TSK

¶ Nou menm ki gen lespri, koute sa m'ap di. Bondye pa ka fè mechanste. Bondye ki gen tout pouvwa a pa ka nan patipri.

Seyè a pa nan patipri, li renmen lè moun fè bagay ki byen. Moun ki mache dwat yo va parèt devan li.

Kouri dèyè konesans tankou moun k'ap kouri dèyè lajan. Chache konesans tankou moun k'ap chache ja lajan.

Ou menm, Seyè, tou sa ou fè dwat. Men, nou tout moun peyi Jida, moun lavil Jerizalèm, tout moun nan pèp Izrayèl ou te gaye nan peyi pre ak peyi lwen yo, se wont nou toujou wont sa nou fè, tankou jòdi a, paske nou pa t' kenbe pawòl nou avè ou.

¶ Jezi te fèt lavil Betleyèm nan peyi Jide, sou tan wa Ewòd. Apre li te fèt, kèk nèg save ki konn etidye zetwal yo soti nan peyi solèy leve, yo rive lavil Jerizalèm.

Acts 8:27 TSK

Filip leve, li pati. Antan l' sou wout la, yon nonm parèt devan l'; se te yon moun peyi Letiopi, yon nèg konfyans. Li te yon gwo chèf nan peyi Letiopi. Se li menm ki te reskonsab tout richès Kandas, larenn peyi a. Li te moute lavil Jerizalèm pou adore Bondye.

¶ Bon, kisa sa vle di? Bondye gen lè ap fè lenjistis? Men non.

James 1:5 TSK

Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l' mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremesi.

Pou konmanse, moun ki gen bon konprann ki soti nan Bondye a ap fè volonte Bondye, l'ap viv byen ak tout moun, l'ap respekte tout moun, l'ap tande rezon, l'ap gen kè sansib, l'ap fè anpil anpil byen, li pa nan de fas ni nan ipokrit.