TSK

TSK · Joel 2:24

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

N'a sitèlman fè bèl rekòt, apre nou fin manje pandan ennan, n'a setoblije mete rès grenn dènye rekòt la deyò pou nou fè plas pou rekòt k'ap vin apre a.

Men, sou tout mòn peyi Izrayèl yo, pyebwa yo pral fè fèy ankò, y'ap donnen pou nou menm, pèp mwen an, pèp Izrayèl la. Paske nou pa lwen tounen nan peyi nou.

Joel 3:18 TSK

¶ Jou sa a, mòn yo pral kouvri ak jaden rezen. Bèf pral sou tout ti mòn yo. Va gen kont dlo nan larivyè peyi Jida yo. Yon sous dlo pral koule soti nan kay Seyè a. Li pral wouze bafon zakasya yo.

Pote tout ladim lan nèt nan tanp lan, san wete anyen ladan l', pou ka gen manje nan tanp lan. Se pou nou fè sa pou nou wè si mwen p'ap kenbe pawòl mwen vre. n'a wè si mwen p'ap louvri syèl la fè lapli tonbe, si mwen p'ap vide benediksyon sou nou an kantite.