Jou sa a, yonn pral envite lòt vin lakay nou anba pye rezen ak pye fig frans nou yo. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.
TSK
TSK · John 11:28
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Jezi kanpe, li di konsa: -Rele l' pou mwen. Yo rele avèg la, yo di li: -Pran kouray, leve, men li ap rele ou.
¶ Jezi al fè wout li ansanm ak disip li yo. Li antre nan yon ti bouk kote yon fanm yo rele Mat resevwa l' lakay li.
Premye moun Andre rankontre se te Simon, frè li. Li di li konsa: Nou jwenn Mesi a (ki vle di: Kris la).
Moun k'ap veye pòt la louvri l' pou li. Tout mouton yo rekonèt vwa li. Li rele tout mouton l' yo, li ba yo chak non yo, li mennen yo deyò.
Nou rele m' Mèt, nou rele m' Seyè. Nou gen rezon, se sa m' ye vre.
Disip Jezi te renmen an di Pyè konsa: Se Seyè a wi. Lè Simon Pyè tande pawòl sa yo: Se Seyè a, li mete rad sou li (paske li te toutouni), li lage kò l' nan dlo a.
¶ Se poutèt sa, annou yonn ankouraje lòt, yonn ede lòt, jan nou deja ap fè l' la.