Menm lè yon moun lòt nasyon ki pa fè pati pèp ou a soti byen lwen vini isit la poutèt ou,
TSK
TSK · John 12:20
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Lòt nasyon yo nan fènwa, yon nwaj kouvri lòt pèp yo. Men limyè Seyè a pral leve sou nou! Pouvwa li pral parèt sou nou!
(Fanm sa a pa t' jwif, se moun peyi Siri, nan yon seksyon yo rele Fenisi.) Li te fè Jezi demann sa a: -Tanpri souple, chase move lespri ki sou pitit fi m' lan.
Filip leve, li pati. Antan l' sou wout la, yon nonm parèt devan l'; se te yon moun peyi Letiopi, yon nèg konfyans. Li te yon gwo chèf nan peyi Letiopi. Se li menm ki te reskonsab tout richès Kandas, larenn peyi a. Li te moute lavil Jerizalèm pou adore Bondye.
¶ Apre sa, Pòl ale lavil Dèb epi l' rive lavil List. Nan List te gen yon disip yo rele Timote. Manman l' te yon jwif ki te kwè nan Jezi tou, men papa l' te yon moun peyi Lagrès.
Mwen avèti tout moun, jwif kou moun lòt nasyon yo, pou yo chanje lavi yo, tounen vin jwenn Bondye, pou yo mete konfyans yo nan Seyè Jezi.
¶ Mwen pa wont anonse bon nouvèl la: se pouvwa Bondye ki la pou delivre tout moun ki kwè, jwif yo an premye, apre yo moun lòt nasyon yo tou.
Enben, Tit ki te avè m' lan, se moun peyi Lagrès li ye: yo pa t' egzije l' sikonsi,
Se sak fè, pa gen moun ki jwif ak moun ki pa jwif ankò, pa gen moun ki sikonsi ak moun ki pa sikonsi ankò, pa gen moun ki etranje, ni moun ki bèt, pa gen moun ki esklav ak moun ki pa esklav. Se Kris la ki tout, se li ki nan nou tout.