¶ Mande, y'a ban nou. Chache, n'a jwenn. Frape, y'a louvri pou nou.
TSK
TSK · John 14:13
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Se pou sa mwen di nou: Tou sa n'ap mande lè n'ap lapriyè, si nou gen fèm konviksyon nou resevwa l' deja, n'a wè sa rive vre.
Jezi reponn li: Si ou te konnen sa Bondye bay la, si ou te konnen ki moun k'ap mande ou ti gout dlo pou bwè a, se ou menm ki ta mande l' ba ou ti gout dlo bwè. Lè sa a, li ta ka ba ou nan dlo ki bay lavi a.
Lè sa a, Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Pitit Bondye a pa fè anyen pou kò li. Sa l' wè Papa a fè, se sa l' fè tou. Tou sa Papa a ap fè, Pitit la fè l' tou.
Mwen menm ak Papa m', nou fè yon sèl.
¶ Apre Jida fin ale, Jezi di konsa: Se koulye a nou pral wè pouvwa Moun Bondye voye nan lachè a. Se koulye a li pral fè nou wè pouvwa Bondye parèt nan li.
(Nenpòt kisa n'a mande nan non m', m'a fè l' pou nou.)
Se pa nou ki chwazi m', se mwen menm ki chwazi nou, ki mete nou apa pou n' ale, pou n' ka donnen, pou donn nou ka konsève. Konsa, Papa a va ban nou nenpòt kisa n'a mande nan non mwen.
¶ Jou sa a, nou p'ap poze m' keksyon sou anyen. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nenpòt bagay nou mande Papa a nan non mwen, la ban nou li.
Mwen te fè yo wè bèl pouvwa ou sou tè sa a. Mwen fè tou sa ou te ban m' fè.
An twa fwa mwen lapriyè Seyè a pou maladi sa a, mwen mande l' pou l' wete li sou mwen.
Ak lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la, gremesi konfyans nou gen nan li a, nou lib pou nou pwoche devan Bondye san kè sote.
Tout lwanj lan se pou Bondye. Paske, ak pouvwa k'ap travay nan nou an, li kapab fè pi plis pase tou sa nou ka mande, pi plis pase tou sa nou ka mete nan lide nou.
Nenpòt sitiyasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m', gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouraj.
Granprèt nou an, se pa yon moun ki pa kapab soufri ak nou nan feblès nou. Okontrè, nou gen yon granprèt ki te pase anba tout kalite tantasyon menm jan ak nou. Men, li pa t' janm fè okenn peche.
Gremesi Jezikri, sèl ofrann san n'ap ofri bay Bondye a, se lwanj n'ap ba li tout tan. Se tout tan pou non l' nan bouch nou.
Se pou nou konfese peche nou yo yonn bay lòt. Se pou yonn lapriyè pou lòt, pou nou kapab geri. Lè yon moun ap viv dwat devan Bondye, lapriyè moun sa a gen anpil pouvwa.
Tou sa n'a mande l', la ban nou l', paske nou menm nou fè tou sa li mande nou, nou fè sa ki fè l' plezi.