Nou menm ki konnen sa ki dwat, koute sa m'ap di nou. Nou menm ki kenbe lòd mwen yo nan kè nou, nou pa bezwen pè lè moun ap trennen nou nan labou, nou pa bezwen tranble lè moun ap joure nou.
TSK
TSK · John 3:2
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Yo vin di l' konsa: -Mèt, nou konnen ou se moun ki kare, ou pa pè pesonn, paske ou pa gade sou figi moun. Men, ou moutre chemen Bondye a jan li ye a. Manyè di nou: èske lalwa pèmèt nou peye Seza lajan kontribisyon an? Eske nou dwe peye li? Wi ou non?
Y' ale bò kot Jan, yo di l' konsa: Mèt, ou chonje nonm ki te avè ou lòt bò larivyè Jouden an, moun ou t'ap pale nou an? Enben, l'ap batize koulye a. Tout moun al jwenn li.
Atousa, te gen anpil moun nan foul pèp la ki te kwè nan li. Yo t'ap di: Lè Kris la va vini, èske la fè plis mirak pase nonm sa a?
Te gen de twa nan farizyen yo ki t'ap di: Nonm ki fè sa a pa ka soti nan Bondye. Li pa obeyi lalwa repo a. Men, gen lòt ki t'ap di: Ki jan yon nonm k'ap fè sa ki mal kapab fè yon mirak konsa? Te vin gen divizyon nan mitan yo.
Farizyen yo menm ansanm ak chèf prèt yo reyini Gran Konsèy la. Yo mande: Kisa n'ap fè? Nonm sa a ap fè anpil mirak.
¶ Malgre sa, menm pami chèf jwif yo, anpil moun te kwè nan Jezi. Men, akòz farizyen yo, yo pa t' kite moun wè sa pou yo pa t' mete yo deyò nan sinagòg la.
¶ Apre sa, Jozèf, moun lavil Arimate a, al mande Pilat pèmisyon pou li te pran kò Jezi. (Jozèf sa a te yon disip Jezi, men an kachèt, paske li te pè jwif yo.) Pilat ba l' pèmisyon an. Se konsa, Jozèf vini, li pran kò Jezi, li pote l' ale.
Nou menm moun laras Izrayèl, koute sa m' pral di nou la a: Jezi, moun Nazarèt la, se Bondye menm ki te voye l' paske nou te wè tout mirak, tout bèl bagay ak tout siy Bondye te ba l' pouvwa fè nan mitan nou. Sa se bagay nou tout konnen.
Nou konnen tou ki jan Bondye te vide pouvwa Sentespri l' sou Jezi, moun Nazarèt la. Jezi mache nan tout peyi a, li t'ap fè byen, li t'ap geri tout moun ki te anba pouvwa Satan paske Bondye te kanpe avèk li.