TSK

TSK · John 3:20

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Li leve nan mitan lannwit lan, antan m'ap dòmi, li pran ti pitit mwen an ki te bò kote m', li mete l' nan kabann pa l'. Li pran ti pitit pa l' la, li mete l' tou mouri a nan kabann pa m'.

Job 24:13 TSK

¶ Se moun sa yo ki pa vle wè limyè a. Yo derefize konprann limyè a. Yo pa vle pran chemen limyè a nan tou sa y'ap fè.

Nou pa vle kite m' korije nou. Nou derefize obeyi kòmandman mwen yo.

Chemen moun k'ap mache dwat yo tankou solèy k'ap leve. Chak lè, l'ap vin pi klere jouk li fin jou nèt.

¶ Moun k'ap pase moun nan betiz pa renmen moun rale zòrèy yo. Yo pa janm mande moun ki gen bon konprann konsèy.

Amos 5:10 TSK

Nou pa vle wè moun k'ap denonse lenjistis. Nou pa vle wè moun k'ap di verite nan tribinal.

John 7:7 TSK

Moun k'ap viv dapre prensip ki nan lemonn pa ka rayi nou. Men, mwen menm yo rayi m' paske mwen di sa y'ap fè a pa bon.

Paske, lè yon moun tande pawòl la ase, san li pa fè sa pawòl la mande l' fè, li tankou yon moun ki gade figi l' nan yon glas.