¶ Abram mache nan tout peyi a, jouk li rive kote yo rele Sichèm, bò pye bwadchenn More a. Lè sa a se moun Kanaran yo ki te rete nan peyi a.
TSK
TSK · John 4:20
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Lè Seyè a, Bondye nou an, va fè nou antre nan peyi nou pral pran pou nou an, n'a mete benediksyon an sou mòn Garizim, n'a mete madichon an sou mòn Ebal.
-Lè n'a fin pase larivyè Jouden an, moun branch fanmi Simeyon, moun branch fanmi Levi, moun branch fanmi Jida, moun branch fanmi Isaka, moun branch fanmi Jozèf ak moun branch fanmi Benjamen yo va moute kanpe sou mòn Garizim lè y'ap beni pèp la.
Lè sa a, tout chèf ki nan lavil Sichèm yo ansanm ak tout moun Bèt Milo yo mete tèt yo ansanm, y' al toupre pye bwadchenn repozwa ki kanpe nan lavil Sichèm lan, yo fè Abimelèk wa.
Yo voye di wa peyi Lasiri a: Moun ou te voye vin rete lavil peyi Samari yo pa konnen jan pou yo sèvi Bondye peyi a. Se konsa bondye peyi a voye lyon k'ap fini ak yo.
¶ Se konsa David te di: -Se la Tanp Bondye Seyè a ye, ansanm ak lotèl pou boule bèt yo ofri bay Bondye pou pèp Izrayèl la.
¶ Seyè a fè Salomon wè l' ankò yon jou lannwit. Li di l' konsa: -Mwen tande lapriyè ou fè nan pye m'. M' chwazi kay sa a pou sèvi kote pou yo vin touye bèt pou mwen.
Li chwazi branch fanmi Jida a pito, ansanm ak mòn Siyon li renmen anpil lan.
Seyè a te chwazi mòn Siyon, se la li vle bati kay li.