Li te pou kont li lè li t'ap louvri syèl la anwo tè a. Li mache sou lanmè a jan li vle.
TSK
TSK · John 6:19
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Men, Seyè a se sèl chèf nan syèl la. Li gen plis pouvwa pase lanmè a ki fin debòde, li pi fò pase lanm lanmè yo k'ap fè bri.
Marin yo menm t'ap naje zaviwon pou wè si yo ta mennen batiman an ale atè. Men, yo pa t' kapab, lanmè a t'ap vin pi move toujou.
Lè solèy fin kouche, kannòt la te nan mitan lanmè a toujou. Jezi te pou kont li atè.
¶ Pandan yo t'ap pale konsa, Jezi li menm vin kanpe nan mitan yo, li di yo: benediksyon Bondye sou nou tout.
¶ Mwen p'ap kite nou pou kont nou: M'ap tounen vin jwenn nou ankò.
Lavil la te tankou yon bwat kare, longè l' te menm ak lajè li. Zanj lan mezire lavil la ak baton wozo l' la. Lavil la gen demildesan kilomèt longè. Lajè l' ak wotè l' te menm ak longè li.