TSK

TSK · Joshua 8:4

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Tout gason ki te nan lavil la t'ap kouri dèyè yo, yo t'ap rele byen fò. Se konsa, nan kouri dèyè Jozye a, yo kite lavil la byen lwen dèyè.

Men sa ou pral fè. Leve nan mitan lannwit ansanm ak tout moun ki avè ou yo, al kache nan tout bwa a.

Lè sa a, lame pèp Izrayèl la kouri kite tout kote yo te gaye yo, yo sanble bò Baal-Tama. Men mesye ki te kache yo kouri soti kote yo te ye a, dèyè gwo wòch ki te bò lavil Gibeya a.

Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a voye di ou: Li pral pini moun Amalèk yo paske yo te kenbe tèt ak pèp Izrayèl la lè yo t'ap moute soti peyi Lejip.

¶ Se te nan mitan lannwit. Wa a leve sot nan kabann li, li di chèf li yo: --Mwen pral esplike nou sa sòlda peyi Siri yo gen dèyè tèt yo kifè yo fè sa. Yo konnen jan grangou ap bat nou isit la. Yo soti kite kan an, y' al kache nan plenn lan. Yo konprann nou pral soti kite lavil la pou n' al dèyè manje. Lè sa a, y'a tonbe sou nou, y'a pran nou tou vivan, y'a antre nan lavil la.

Mwen te toujou di: Konesans pi bon pase gwo kouraj, men yo meprize konesans moun ki pòv. Yo p'ap koute yo lè y'ap pale.