TSK

TSK · Judges 6:24

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Apre sa, li pati ankò, li ale nan mòn ki toupre lavil Betèl, sou bò solèy leve. Li moute tant li la. Betèl te sou bò lanmè, Ayi te sou bò solèy leve. Abram bati yon lotèl pou Seyè a la tou, epi li fè sèvis pou li.

Jakòb bati yon lotèl la tou. Li rele l': Bondye se Bondye Izrayèl la.

¶ Lè moun Woubenn yo, moun Gad yo ak mwatye moun Manase yo rive devan larivyè Jouden, sou bò peyi Kanaran an, yo bati yon kokenn chenn lotèl sou rivaj la.

Jedeyon fè yon estati ak lò a, li mete l' nan lavil Ofra, kote l' moun lan. Tout moun pèp Izrayèl yo vire do bay Bondye, yo vin adore estati a lavil Ofra. Sa te tounen yon pèlen pou Jedeyon ak tout fanmi li yo.

Nan denmen, moun yo leve byen bonè, yo bati yon lotèl. Yo boule bèt nan dife nèt sou li, yo fè ofrann pou mande Bondye padon.

Sayil bati yon lotèl pou Seyè a. Se te premye lotèl li te bati.

Li pran wòch yo, li rebati lotèl Seyè a. Li fouye yon kannal fè wonn lotèl la. Kannal la te ka pran kat galon dlo.

Sou rèy wa sa a, pèp Jida a va sove, pèp Izrayèl la va viv ak kè poze nan peyi l'. Y'a rele wa a: Seyè a, Delivrans nou.

Tout miray la nèt va mezire dimil katreven mèt longè antou. Depi jou sa a, y'a rele lavil la: Se la Seyè a ye!