Antan Jakòb t'ap viv nan peyi sa a, Woubenn al kouche ak Bila, yonn nan fanm papa l' yo. Izrayèl vin konn sa, li te fache anpil. Jakòb te gen douz pitit gason.
TSK
TSK · Leviticus 18:8
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Genesis 35:22
TSK
Leviticus 20:11
TSK
Depi yon nonm kouche madanm papa l', li jete dezonè sou papa l'. Se pou yo touye yo, ni li ni madanm lan. Lè konsa, se yo menm sèl k'ap reskonsab lanmò yo.
Deuteronomy 23:1
TSK
¶ Lè yon nonm gen grenn li yo kraze, osinon pati li koupe, li pa gen dwa parèt tèt li ankò nan reyinyon pèp la ap fè pou fè sèvis pou Seyè a.
2 Samuel 16:21
TSK
Achitofèl reponn: -Al kouche ak lòt fanm kay papa ou yo, sa li kite dèyè pou okipe palè a. Lè sa a, tout moun nan peyi Izrayèl la va konnen bagay la gate nèt ant ou menm ak papa ou. Konsa, moun ki avè ou yo ap vin pi ankouraje.
Amos 2:7
TSK
Y'ap pilonnen malere anba pye yo. Y'ap fè pòv yo vin pi pòv. Papa kou pitit al dèyè fi k'ap sèvi nan kay la. Konsa, yo trennen non Bondye nan labou.