TSK

TSK · Leviticus 19:15

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Pa konprann pou nou fè sa ki mal paske nou wè se sa tout moun ap fè. Lè n'ap sèvi temwen nan yon pwose, piga nou pran pati pou bò ki gen plis moun lan lè nou konnen se yo ki antò.

Lè yon malere nan pwose, pa anpeche yo fè l' jistis.

Nou p'ap nan achte figi lè n'ap jije yon bagay. Se pou nou jije tout moun menm jan, kit se yon ti malere, kit se yon grannèg. Nou pa bezwen pè pesonn paske n'ap jije dapre prensip Bondye bay. Lè se yon ka ki twò difisil pou nou, n'a pote l' vin devan mwen, m'a jije l' mwen menm.

¶ Nou pa gen dwa gen de kalite pwa nan sakit nou pou pran pèz, yonn ki bon, yonn ki pa bon,

Li di jij yo: -Kalkile byen travay nou pral fè a, paske nou pa pral jije nan non yon moun, men nan non Seyè a. L'ap kanpe la bò kote nou lè n'ap rann jijman.

Li di: -Kilè n'a sispann fè mechanste lè n'ap jije? Kilè n'a sispann achte figi mechan yo?

¶ Men lòt pawòl moun ki gen bon konprann yo te di ankò. Sa pa bon pou yon jij gade sou figi moun lè l'ap rann jijman.