-W'a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo: Lè yon moun vle fè Seyè a yon ofrann, si se yon bèt li vle ofri, l'a ofri yon bèf osinon yon kabrit ou ankò yon mouton l'a pran nan bèt li yo.
TSK
TSK · Leviticus 22:18
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Si yon moun pote yon ofrann pou di Bondye mèsi, paske li te vle kenbe yon ve li te fè, ou ankò paske li vle fè yon ofrann konsa, yo pa bezwen manje tout vyann ofrann lan menm jou a. Men yo gen dwa kite rès pou denmen.
Lè yon moun nan pèp Izrayèl la osinon yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo al lachas, si li pran yon bèt osinon yon zwazo yo gen dwa manje, l'a vide tout san bèt la atè epi la kouvri l' ak tè.
lè n'ap ofri yon towo bèf, osinon yon mouton, oswa yon kabrit pou yo boule nèt nan dife pou Seyè a, tankou yon ofrann ki pou fè Seyè a plezi ak bon sant li, kit se paske nou te fè yon ve, kit se paske nou menm nou te fè lide fè yon ofrann, osinon paske lè fèt n'ap fete pou mwen yo rive,
Se la n'a pote ofrann pou boule nèt nan dife pou Seyè a ak lòt bèt n'ap ofri ba li, ladim nou yo ak kado nou yo, ofrann nou te pwomèt bay Bondye, ofrann nou leve konsa nou vle fè pou Bondye, premye pitit bèf nou yo, premye pitit kabrit nou yo ak premye pitit mouton nou yo.
Apre sa, n'a fete Fèt Senmenn yo pou di Seyè a, Bondye nou an, mèsi. N'a pote ba li ofrann n'a vle dapre sa Seyè a va ban nou nan favè li.
M'a fè lwanj ou pou sa ou fè, nan mitan tout moun yo lè yo reyini. M'a fè sa mwen te pwomèt ou yo, devan tout moun ki gen krentif pou ou yo.
¶ Bondye, ou tande pwomès mwen fè. Ban mwen sa ou bay tout moun ki respekte non ou lan.
¶ Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David, se yon chante. Bondye, ou merite vre pou yo fè lwanj ou sou Mòn Siyon, se pou yo ba ou sa yo te pwomèt ou a.
Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, m'a fè sa m' te pwomèt li a.
¶ Lè ou fè yon pwomès bay Bondye, pa mize fè sa ou pwomèt fè a. Bondye pa nan jwèt ak moun ki san konprann. Sa ou pwomèt fè a, fè l'.
Lè marin yo wè sa, yo te vin pè Seyè a anpil. Yo ofri bèt pou touye ba li. Yo pwomèt pou yo sèvi l'.
Gade! Men yon mesaje k'ap vin sou mòn yo! L'ap pote bon nouvèl k'ap ban nou kè poze. Nou menm moun peyi Jida, nou mèt fete tout fèt nou yo! Fè ofrann nou te pwomèt Bondye yo. Mechan yo p'ap pase lakay nou ankò! Mwen detwi yo nèt.