-Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo: Si yon moun fè yon peche san li pa konnen, si li pa swiv lòd Seyè a bay epi li fè sa l' pa t' dwe fè, men sa pou yo fè l':
TSK
TSK · Leviticus 5:17
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Si se yon chèf ki fè peche, ki rive antò devan Bondye li a paske, san li pa fè espre, li pa swiv yonn nan lòd Seyè a te bay la,
¶ Men nan ki sikonstans pou yo fè ofrann bèt pou peche moun fè san yo pa konnen: Si yon moun fin fè sèman nan tribinal pou l' di sa ki pase epi li refize pale sa l' te wè ou ankò sa li vin konnen, li gen pou l' peye pou sa li fè a.
-Si yon moun fè yon peche san li pa fè espre, si li fè sa li pa t' dwe fè, tankou lè li bliye bay sa li te dwe bay pou Seyè a, l'a fè yon ofrann pou repare bagay li te fè ki mal la. L'a pran yon belye mouton nan bèt li yo, yonn ki san ankenn enfimite. Y'a di konbe bèt la vo, dapre lajan yo sèvi nan kay Bondye a, epi l'a ofri l' bay Seyè a. Se sa yo rele yon ofrann pou peye pou sa yon moun fè ki mal.
Men, yon domestik ki pa konn sa mèt li vle, lèfini k'ap fè bagay ki merite pou yo bat li, y'ap bay domestik sa a de twa kou sèlman. Moun yo bay anpil, y'ap mande l' anpil tou. Moun yo mete reskonsab anpil bagay, y'ap egzije plis ankò nan men li.