TSK

TSK · Luke 17:2

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Seyè ki gen tout pouvwa a pale, li di ankò: -Nepe, leve non! Al atake gadò mouton m' yo, moun k'ap travay avè m' lan. Touye l' pou bann mouton an ka gaye. M'ap pini ata moun ki pi piti yo.

Atansyon: Piga nou meprize yon sèl nan ti piti sa yo. Paske m'ap di nou sa: zanj gadyen yo ki nan syèl la, se tout tan yo la devan Papa m' ki nan syèl la.

Moun Bondye voye nan lachè a prale, jan sa te ekri sou li a. Men, malè pou moun k'ap trayi l' la. Li ta pi bon pou moun sa a si li pa t' janm fèt.

¶ Lè yo fin manje, Jezi di Simon Pyè konsa: Simon, pitit Jan, èske ou renmen m' plis pase moun sa yo renmen mwen? Simon Pyè reponn: Wi, Seyè, ou konnen mwen renmen ou. Jezi di li: Pran swen ti mouton m' yo.

¶ Men, poutèt pa m', mwen pa janm pwofite dwa sa a. Se pa pou fè ankenn reklamasyon non plis kifè m'ap ekri sa. Mwen ta pito mouri pase pou m' ta kite moun wete lwanj sa a nan men mwen!

¶ Malgre sa, te gen kèk fo pwofèt nan mitan pèp Bondye a nan tan lontan. Konsa tou, va gen kèk direktè nan mitan nou k'ap bay manti. Yo pral vin ak yon bann bèl pawòl ki pa vre pou yo seye pèdi nou. Y'ap vire do bay Mèt la ki te delivre yo. Y'ap rale yon chatiman sou tèt yo k'ap detwi yo lapoula.