TSK

TSK · Luke 17:3

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Piga nou kenbe frè nou nan kè. Si yo gen kichòy avèk nou, regle sa la pou la. Konsa, yo p'ap lakòz nou tonbe nan peche.

Veye kò nou, tande! Se pou byen nou wi! Lè Seyè a te pale ak nou nan mitan dife a, sou mòn Orèb la, nou pa t' wè anyen ki ta sanble ak yon bagay.

Li di jij yo: -Kalkile byen travay nou pral fè a, paske nou pa pral jije nan non yon moun, men nan non Seyè a. L'ap kanpe la bò kote nou lè n'ap rann jijman.

Pa janm kouri dèyè yon moun k'ap pase moun nan betiz. L'a rayi ou. Men, si w'ap kouri dèyè yon moun ki gen konprann, l'a gen respè pou ou.

¶ Pito ou rale zòrèy yon moun kareman pase pou ou kite l' konprann sa li fè a pa anyen.

¶ Lè sa a, Pyè pwoche bò kot Jezi, li di l' konsa: Mèt, konbe fwa pou m' padonnen frè m' lè li fè m' yon bagay mal? Sèt fwa konsa?

¶ Men, lè Pyè te vini lavil Antiòch, mwen te fè yon bout ak li devan tout moun, paske sa l' te fè a pa t' bon.

Pa kite pesonn vire do bay favè Bondye a. Pa kite pesonn tounen tankou yon plant anmè k'ap pouse rasin k'ap anpwazonnen lòt yo.

Veye kò nou byen pou nou pa pèdi benefis travay nou an, pou nou ka resevwa tout rekonpans nou.