TSK

TSK · Luke 2:36

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Leya di konsa: -Ala benediksyon mwen jwenn! Koulye a medam yo pral di jan mwen se yon fanm ki beni. Se konsa li rele pitit la Asè.

¶ Debora, madanm yon nonm yo te rele Lapidòt, te pwofèt Bondye. Nan tan sa a, se li ki te konn rann jijman sou tout bagay nan peyi Izrayèl la.

Job 5:26 TSK

Menm jan se lè mayi fin mi yo kase l', konsa tou se lè ou fin vye granmoun, w'a mouri.

Acts 2:18 TSK

Wi, lè sa a, m'ap vide Lespri m' sou tout sèvitè m' yo, fi kou gason, epi y'a bay mesaj ki soti nan Bondye.

¶ Ann wè koulye a keksyon kado Sentespri bay la. Frè m' yo, mwen ta vle nou konnen sa ki vre sou keksyon kado sa yo.