Lè yo rive kote yo t'ap pase nwit la a, yonn ladan yo louvri sak li pou l' te ka bay bourik li manje. Li jwenn lajan li te bay la nan sak la.
TSK
TSK · Luke 2:7
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Pandan vwayaj la, Moyiz rete pase lannwit yon kote. Seyè a vin atake Moyiz. Li t'ap chache touye l'.
Enben! Se Seyè a menm ki pral ban nou yon siy. Men li: Jenn tifi ki ansent lan pral fè yon pitit gason, l'a rele l' Emannwèl (ki vle di: Bondye avèk nou).
Men, Jozèf pa t' kouche ak Mari, jouk lè li te fin akouche yon ti gason. Jozèf te rele pitit la Jezi.
Se pa pitit bòs chapant lan? Se pa Mari ki manman li? Se pa frè Jak, Jozèf, Simon ak Jid li ye?
Li pwoche kote l', li vide lwil ak diven sou blese l' yo, li panse yo. Apre sa, li mete nonm lan sou bèt li te moute a. Li mennen l' nan yon lotèl kote li pran swen li.
Nou konnen ki favè Jezikri, Seyè a, fè nou. Li menm ki te rich, li fè tèt li tounen pòv pou nou. Konsa, lè l' fè tèt li tounen pòv la, li fè nou rich.