TSK

TSK · Luke 23:43

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lè sa a, mwen rekonèt peche m' yo devan ou, mwen pa t' kache ou sa m' te fè ki mal. Mwen di: M'ap rakonte Seyè a tout bagay. Apre sa, ou te padonnen tout peche m' yo.

Seyè a di konsa: -Nou mèt vini atò! Vini non! Ann regle koze a! Menm si peche nou yo ta tache wouj kou san sou tout kò nou, m'ap lave nou. M'ap fè nou vini blan kou koton. Nou te mèt tache wouj fonse, m'ap blanchi nou, m'ap fè nou blan kou lenn mouton.

¶ Tounen vin jwenn Seyè a, pandan nou ka jwenn li an. Lapriyè nan pye l' pandan li toupre nou an.

Pa gen bondye tankou ou, ou menm ki padonnen mechanste ti rès ki rete nan pèp ou a, ou menm ki pa gade sou sa yo fè ki mal. Ou pa fache pou tout tan. Ou pran tout plezi ou nan gen pitye pou moun.

Luke 15:4 TSK

Sipoze yonn nan nou gen san mouton. Si l' pèdi yonn ladan yo, èske li p'ap kite katrevendisnèf lòt mouton yo nan dezè a, pou li al dèyè sak pèdi a? L'ap chache l' jouk li jwenn li.

Moun Bondye voye nan lachè a vin chache sa ki te pèdi pou l' delivre yo.

¶ Papa, se ou ki te ban mwen yo. Mwen ta vle pou yo toujou avè m' kote m' prale a, pou yo ka wè pouvwa mwen, pouvwa ou te ban mwen an, paske ou te renmen m' depi lontan anvan ou te kreye tout bagay.

Nou gen gwo kouraj epi nou ta pito kite kò sa a pou n' al rete toupre Seyè a.

Mwen ta renmen fè tou de: Mwen ta renmen mouri pou m' ta avè Kris la. Sa ta pi bon anpil pou mwen.

Se poutèt sa, depi koulye a, epi pou tout tan, li ka delivre tout moun, l'ap fè yo pwoche bò kot Bondye paske li menm li toujou vivan, l'ap lapriyè Bondye pou yo.