Toujou chonje jou repo a pou nou mete l' apa pou mwen.
TSK
TSK · Luke 23:56
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
N'a travay sis jou, men se pou nou mete setyèm jou a apa pou Bondye, se jou repo ki apa nèt pou Seyè a. Si yon moun fè nenpòt ki travay jou sa a, se pou yo touye l'.
Yo antere l' nan kavo li te fè fouye pou tèt pa li nan lavil David la. Yo mete kadav la kouche sou yon payas fèt ak fèy santi bon ak tout kalite bon odè yo te pare jan yo konn fè l' la. Apre sa, yo limen yon gwo boukan pou li.
Men sa mwen menm, Seyè a, mwen di: Si nou menm nou koute lòd mwen ban nou, si nou pa kite pesonn pote chay antre nan pòtay lavil la jou repo a, si nou kenbe jou repo a tankou yon jou nou mete apa pou mwen, si nou pa fè ankenn travay jou sa a,
¶ Nan dimanch maten, byen bonè, medam yo ale nan kavo a. Yo te pote lwil santi bon yo te pare pou benyen kò a.