TSK

TSK · Luke 3:36

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Lemèk te gen sankatrevendezan lè li vin gen yon pitit gason.

¶ Se konsa Noe fè tout sa Bondye te ba li lòd fè a. Wi, se sa menm li te fè.

Se konsa, Seyè a detwi tout bèt, tout sa ki te sou latè, depi ou tande se moun jouk zannimo domestik, bèt ki trennen sou vant ak zwazo k'ap vole nan syèl la. Yo tout yo disparèt sou latè. Sèl moun ki te rete se te Noe avèk lòt moun ki te nan batiman an ansanm ak li yo.

¶ Bondye beni Noe ak pitit li yo, li di yo. Fè pitit, fè anpil anpil pitit mete sou tè a.

Li di ankò. Lwanj pou Seyè a, Bondye Sèm lan. Se pou Kanaran tounen esklav Sèm.

¶ Men pitit pitit Sèm yo. Dezan apre inondasyon an, Sèm te gen santan lè li fè yon pitit gason yo rele Apachad.

Si twa moun dwat sa yo, Noe, Danèl ak Jòb, ta nan mitan yo, se yo menm ase ki t'ap sove lavi yo, paske se yo ki te mache dwat. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.

Se paske Noe te gen konfyans nan Bondye kifè Bondye te fè l' konnen davans bagay ki tapral rive, bagay li menm Noe pa t' ankò kapab wè. Li koute Bondye, li bati yon gwo batiman. Se ladan batiman sa a li te jwenn delivrans ansanm ak tout fanmi li. Se konsa, li kondannen tout lòt moun yo. Men, Bondye te fè Noe gras paske Noe te gen konfyans sa a nan li.

Bondye pa t' fè pa moun nan tan lontan yo. Men, li te delivre Noe, yon nonm ki te mache dwat devan li, ansanm ak sèt lòt moun lè li te voye gwo inondasyon an sou mechan yo.