TSK

TSK · Luke 5:33

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lè n'ap leve bra nou anlè pou nou lapriyè nan pye m', m'ap bouche je m' pou m' pa wè nou. Nou mèt fè lapriyè sou lapriyè, mwen p'ap tande nou! Men nou plen san!

Konsa tou, lè nou t'ap manje, lè nou t'ap bwè, èske se pa t' pou pwòp plezi pa nou?

¶ Disip Jan Batis yo pwoche bò kot Jezi, yo di li: Nou menm ak farizyen yo, nou fè jèn. Men, poukisa disip ou yo pa fè jèn tou?

Mark 2:18 TSK

¶ Yon jou, patizan Jan Batis yo t'ap fè jèn ansanm ak farizyen yo. Gen moun ki vin di Jezi konsa: -Poukisa patizan Jan Batis yo avèk disip farizyen yo fè jèn, epi disip pa ou yo pa fè jèn?

Luke 7:34 TSK

Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen vini, mwen manje, mwen bwè, nou di: Gade yon nonm! Se manje ak bwè ase l' konnen; se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun k'ap fè sa ki mal li ye.

Chak senmenn mwen pase de jou ap fè jèn, mwen bay ladim nan tou sa mwen genyen.

John 1:35 TSK

Nan denmen, Jan te menm kote a ankò ak de nan patizan li yo.

Acts 9:11 TSK

Seyè a di li: Leve koulye a, ale nan Ri Dwat la lakay Jida, mande pou yon nonm yo rele Sòl, moun lavil Tas. L'ap lapriyè kote l' ye a,