TSK

TSK · Luke 6:30

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Si yon nonm plane levit li lakay ou pou ou prete l' yon ti kòb, se pou ou renmèt li rad li anvan solèy kouche.

¶ Yon lè, moun pèp Izrayèl yo ansanm ak tout madanm yo konmanse plenyen sou do kèk chèf jwif parèy yo.

Li bay moun ki nan nesesite san gad dèyè. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye. L'ap gen pouvwa, y'ap respekte l'.

¶ Moun ki bay san gad dèyè, sa pa anpeche yo vin pi rich. Men, moun ki penng, se pòv y'ap vin pi pòv.

Tout lajounen l'ap kalkile sou sa l' ta renmen genyen. Men, moun ki mache dwat yo gen pou bay, y'ap bay san gad dèyè.

Chak fwa mwen pran desizyon pou m' chache konprann, chak fwa mwen pran kalkile sa k'ap pase sou latè, mwen wè ou te mèt pa janm dòmi lajounen kou lannwit,

¶ Apre sa, Lespri Bondye a pran m', li leve m' anlè, li mennen m' bò gwo pòtay tanp lan ki bay sou solèy leve. Toupre pòtay la, mwen wè vennsenk gason. Pami yo te gen de chèf peyi a, Jazanya, pitit gason Azou a, ak Pelatya, pitit gason Benaja a.

Padonnen tout sa nou fè ki mal, menm jan nou padonnen moun ki fè nou mal.

Se konsa Papa m' ki anwo nan syèl la va aji ak nou, si nou pa padonnen frè nou yo ak tout kè nou.

Pito nou bay pòv tou sa ki nan gode nou yo ak nan plat nou yo. Lè sa a, anyen nan tou sa nou genyen p'ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sèvi Bondye.

Lè Jezi tande sa, li di l': Ou manke yon bagay toujou: vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Apre sa, wa gen yon richès nan syèl la. Epi vin swiv mwen.

Nou konnen ki favè Jezikri, Seyè a, fè nou. Li menm ki te rich, li fè tèt li tounen pòv pou nou. Konsa, lè l' fè tèt li tounen pòv la, li fè nou rich.

Se pou moun ki te konn vòlò sispann vòlò. Okontrè, se pou l' travay di ak men l' san fè move konbinezon, pou l' sa gen dekwa bay moun ki nan bezwen.