TSK

TSK · Mark 10:19

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Respekte manman nou ak papa nou jan Seyè a, Bondye nou an, te pase nou lòd la, pou nou ka viv lontan ak kè kontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, te ban nou.

¶ Pa mete nan tèt nou mwen vin aboli lalwa Moyiz la ak sa pwofèt yo te moutre nou. Mwen pa vin pou aboli yo, mwen vin moutre sa yo vle di tout bon.

¶ Yonn nan dirèktè lalwa yo te tande jan yo t'ap diskite. Li wè Jezi te byen reponn sadiseyen yo. Lè sa a, li pwoche bò kote l', li mande li: -Kilès nan tout kòmandman yo ki pi konsekan an?

Ou konn kòmandman yo: Piga ou fè adiltè, piga ou touye moun, piga ou vòlò, piga ou fè manti sou moun, respekte papa ou ak manman ou.

Se konsa, ou wè kòmandman sa yo: piga ou janm fè adiltè; piga ou janm touye moun; piga ou janm vòlò; piga ou janm pote lanvi sou sak pa pou ou; kòmandman sa yo ansanm ak tout lòt yo, gen yon sèl pawòl ki ranmase yo tout: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.

¶ Manyè di m', nou menm ki vle rete anba lalwa a: gen lè nou pa konprann sa lalwa a di?

Nan bagay sa a, ankenn gason pa dwe fè frè l' lapenn, ni fè l' lenjistis. Mwen deja di nou sa, mwen te ban nou kont avètisman sou sa: Seyè a gen pou peni moun ki fè bagay konsa.